Pòdpe : Pon Ebenezè sou Ri Dumasai Estimé a menase efondre, piblik la pa sispann mande an ap mande aksyon ijans

11/13/2025
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan vil Pòdpe, pon ki nan Ri Dumasai Estimé, tou pre Lekòl Baptiste Eben-Ezer a, ke anpil moun abitye rele “Pon Ebenezè”, ap efondre an ti miyèt moso tanzan tan. Konsa, estrikti sila ki an defayans, reprezante yon gwo malè pandye pou chofè ak pyeton. Sitou pou pwa lou k ap travèse l chak jou; aloske sitiyasyon an ap vinn pi agrave.
Depi plizyè mwa, responsab yo nan sosyete sivil la te deja lanse avètisman sou eta plizyè pon nan vil la, tankou Pon Man Riboul, Pon Elina, ak menm Pon Ebenezè jounen jodi a. Malerezman, otorite yo, Lamèri Pòdpe ak MTPTC sanble rete kè kal devan menas sa yo.
Yon egzanp vivan se te Aliv Moricette, yon pitit ri Kapwa ki te pran inisyativ pou rebati Pon Ri Kapwa ak fòs kominotè, pandan lòt pon yo kontinye ap tonbe anba neglijans.
Jodi a, sitiyasyon Pon Ebenezè a rive nan yon pwen kritik. Twou parèt, estrikti a vinn febli, e nenpòt moman li ka kraze yon kite sa anba efè pwa lou machin yo.
Popilasyon an ap poze kesyon: “Ki sa Lamèri ak MTPTC ap tann pou aji? Èske y ap kite kominote a toujou pote chay rekonstriksyon an sou zepòl li?”
Pandan danje a ap ogmante chak jou, anpil moun panse fòk otorite lokal yo leve kanpe prese prese pou evite yon drama kap tounen pi ta yon trajedi.






