Kominike La Meri Sen Lui Di Nò – Nòt Pou Laprès Ak Tout Sitwayen Kap Viv Nan Komin Sen Lwi Di Nò

La Meri Nan Sen Lwi Di Nò Salye Tout Mou’n Ki Ap Viv Nan Komin Sen Lwi Yan. Li profite espas sa pou l kondane ak tout fòs li, tout zak ensekirite sou tout fòm, ke komin nan ap fè fas avèk yo, dènye moman sa yo.
La Meri a konstate ke zak sa yo, se yon pakèt fo politisyen ki gen foli pouvwa, ki alimante yon gwoup bandi ak zam, pami yo gang Ti Rach la, avèk anpil lòt mou’n nan popilasyon an, pou ka simen zak latroublay nan komin nan.
La Meri ap mandé popilasyon an pou’l kale je’l, epi pa rete bwa kwaze. Depi’w wè yon move je nan zòn ou, se pou’w denonse yo bay lapolis pou’w pa parèt konplis nan tout zak sa yo.
La Meri ya ap kontinye pran tout angajman’l pou’l rezoud sitiyasyon ensekirite sa a nan komin an. E’ l promèt popilasyon an, lap pran tout dispozisyon pou zak sa yo sispann nan komin nan.
La Meri ap raplé tout mou’n li pa nòmal pou politisyen ap itilize zam kòm estrateji pou rivé nan pouvwa a. Tout lidè ki itilize pratik sa yo, se delenkan e yo pap jan’m pèmèt komin nan avanse. Leu’w pran pouvwa ak zam, sa rele kou deta. E pouvwa se nan eleksyon oubyen yon nominasyon pa yon arete ki bay li.
Sitwayen komin Sen Lui Di Nò merite lapè e yo dwe viv nan lapè. La Meri Sen Lwi Di Nò ap toujou mobilize pou lapè renye nan komin nan, pou tout mou’n ka fonksyone san okenn problèm nan tout aktivite ke yap antreprann yo.
Mèsi pou konpreyansyon ak kolaborasyon tout mou’n nan popilasyon senlwizyèn nan!
Signé : Mr. Gaston Estima
Maire Principal






