Responsab UPNOPP chita ak sosyete sivil la nan Obè sou posiblite pou ouvè Inivèsite a nan rejyon an

Obè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon rankont ouvè ak sosyete sivil seksyon kominal Obè a, responsab Inivèsite Piblik Nòdwès Pòdpè a (UPNOPP), te reponn envitasyon plizyè sitwayen nan aprè-midi mèkredi 17 jiyè a. Diskisyon yo te santre sou kesyon posiblite pou inivèsite a tabli nan seksyon an.
Louis-Dalès Dessentiel, youn nan manm enpòtan nan sosyete sivil la, te lanse rankont lan ak yon ekspoze ki te mete tout moun nan bon kontèks. Plizyè sitwayen ki te pran lapawòl te fè konnen volonte yo pou resevwa inivèsite a, men yo te pran pozisyon klè kont nenpòt lide pou kraze oswa deplase sant jèmoplas la, ki se yon enfrastrikti yo konsidere kòm estratejik pou kominote a.
Olye de sa, moun yo pwopoze lòt lokal ki disponib, e menm ofri tè pou konstwi yon espas dirab. Pou yo, prezans yon inivèsite nan Obè reprezante yon sous devlopman. Yo lanse tchalenj sa: “Nou pap pèdi UPNOPP, nou pap pèdi sant jèmoplas la. Nou bezwen klète ak transparans nan sa kap fèt la.”
Nan non UPNOPP, plizyè responsab te pran lapawòl, pami yo Sekretè Jeneral la, Reveran Pè Ronel Vildor, ak Doyen Fakilte Syans Administrativ la (FSA). Yo mete aksan sou wòl kapital yon sant jèmoplas nan devlopman agrikòl, epi yo pwomèt kominote a ke, olye detwi-l, inivèsite a, ap chèche ranfòse-l atravè pwojè ak fakilte agwonomi a yo genyen an.
Diskisyon an louvri pòt pou yon konpwomi ganyan-ganyan, kote inivèsite a ta ka jwenn yon baz solid nan Obè pandan kominote a kontinye benefisye de sant jèmoplas la. Objektif la se rive nan yon solisyon dirab pou evite pratik tanporè nan zafè lokal inivèsite a.
Plizyè sitwayen nan Obè pwofite raple bezwen ki toujou rete ouvè nan zòn nan: apre lekòl, pawas, inivèsite, ak pòs polis, yo di pwochen gwo priyorite a se yon lopital referans. Yon lòt etap sou wout devlopman Obè.






