UPNOPP nan gwo difikilte pou louvri ane akademik 2025-2026 la

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Inivèsite Piblik Nòdwès la (UPNOPP) ap fè fas ak gwo difikilte pou louvri ane akademik 2025-2026 la. Rektè enstitisyon an, Doktè Joël Michel, fè konnen espas kote inivèsite a te konn fonksyone a pa disponib ankò paske mèt lokal yo mande reprann li. Sitiyasyon sa mete administrasyon an ak plizyè santèn etidyan nan gwo enkyetid, paske pa gen okenn garanti sou ki kote klas yo ak lòt aktivite akademik yo pral dispanse.
TRiboLAND aprann, nan kad chita pale ak plizyè majistra nan depatman Nòdwès la, responsab inivèsite a fè konnen yo deja lanse demach pou jwenn yon solisyon. Youn nan opsyon yo se relokalize UPNOPP nan Sant Jèmoplas ki chita nan Obè, yon espas ki parèt fèt e founi ak potansyèl pou resevwa yon latriye aktivite inivèsite a.
Lendi 15 septanm 2025 lan, responsab UPNOPP, ansanm ak plizyè dizèn etidyan ak ajan egzekitif enterimè, te prezan nan Obè pou yon vizit ofisyèl nan Sant Jèmoplas la. Objektif vizit sa a, te antre nan kad evalye posiblite pou sant la sèvi kòm nouvo lokal inivèsite a pandan ane akademik la.
Daprè rektè Joël Michel, administrasyon an ap kontinye travay ak otorite lokal yo pou rive jwenn yon solisyon dirab ki kapab garanti estabilite ak bon fonksyònman inivèsite a nan enterè etidyan yo.






