BSAP ap voye flè nan kontinye fè egzasyon sou popilasyon komin Pòdpè a

683
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan anpil moun nan sosyete ayisyèn, estime enstitisyon ki rele Brigade de Sécurité des Aires Protégées (BSAP) pèdi patiraj li, yo ta menm mande eske li genyen fwen nan divès rejyon nan peyi a, kote zak kraze zo sou popilasyon ap miltipliye.

Antouka, sa ki pase nan Palan, yon katye nan site Kapwà Lamò a nan jou sila yo, pa genyen bouch pou pale. Tankou li abitye fè li divès kote nan larepiblik, ajan san fwa BSAP maspinen plizyè sitwayen aprè yon diskisyon pou yon match foutbòl kote abit egzekitif la se yon ajan BSAP.

Se konsa, san mande ki mò ki touye lanperè, plis pase 20 a 30 jèn gason ki te genyen inifòm BSAP sou, ame jous nan dan, debake san fwà ni lwà apremidi lendi 8 septanm 2025 lan nan Palan, kote ke se sa yo bliye yo pa fè. Enfòmasyon yo ta vle fè kwè plizyè moun ta blese nan yon gro katchou boumbe anndan popilasyon an. Pou plizyè abitan, yo pat bay BSAP sa; yo kalifye yon parèy zak malonnèt kòm yon veritab laterè ki te melanje ak panik.

Se pa premye fwa, ajan BSAP ap konpòte yo kòm entouchab e Lwijan Boje nan Nòdwès peyia; anpil fwa, yo poze zak kriminèl sou popilasyon sivil la pandan ke yo inyore atribisyon yo konplètman. Anpil moun estime, kò sila, ki te nan yon pwemye tan, te fè prèv travay li, nan kad pwoteje ou sekirize yon seri espas anndan peyi a, bwiskeman devlope yon apeti pou transfòme tèt li an yon veritab machinn represif, kap tòtire popilasyon an.

Si nan Wanament fòs BSAP yo te kore ou fasilite konstriksyon kanal istorik la, se konsa, nan kèk rejyon atravè peyia, yo kòmanse ap montre vrè vizaj enstitisyon an, ki ta sanble ak yon veritab fòs represif, kote bandi enfiltre e ap badijonnen enstitisyon an ki ta sanble pèdi fwen.

Share:

Leave a reply