Bodmè Jan Rabèl plonje nan yon kriz dlo grav alòske rivyè rejyon an kontinye ap seche

Bodmè Jan Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Popilasyon lokal la nan zòn Bodmè komin Jan Rabèl ap fè fas ak yon gwo kriz dlo depi kèk semèn. Rivyè ki konn sèvi kòm sous prensipal pou bezwen lokalite yo fin chèch nèt anba efè sechrès la. Sitiyasyon sa a vin mete abitan yo nan yon kondisyon ekstrèm, kote yo oblije nan gwo tèt chaje pou boske yon ti gout dlo ki souvan pa menm pwòp pou yo bwè oswa kwit manje. Fanm yo, ki pote chay prensipal nan al chèche dlo a, ap soufri plis toujou fas ak yon parèy peripesi.
Nan mitan kriz sila, jaden peyizan yo sibi gwo pèt egalman. Plantasyon agwikòl yo seche anba flanm solèy ke moun pa janm wè. Konsa, sa lakoz anpil fanmi deja ap viv yon sitiyasyon kriz alimantè drastik, akoz absans manje ki pwèske pa egziste sou mache lokal yo. Abitan yo deklare yo santi yo abandone, paske jiska prezan, pa gen okenn repons konkrè ki soti ni bò kote swadizan otorite leta yo, ni bò kote enstitisyon lokal ki ta dwe pote sekou.
Sitiyasyon Bodmè a vin montre yon fwa ankò fragilite kominote riral yo fas ak chanjman klimatik ak move jesyon resous natirèl yo. Sitwayen yo mande entèvansyon ijan bò kote mouche Leta, òganizasyon imanitè ak lòt patnè nan kad kaptaj dlo pou devlopman rejyonal yo. Daprè sitwayen yo, san aksyon rapid, Bodmè riske konnen yon katastwòf imanitè ki pi grav ke sa kap deplwòtonnen nan Ba Nòdwès peyia jounen jodia.






