Lèt tou louvri pou konpayi Natcom

483
0
Share:
TRiboLAND

09 – 06 – 2025

Nou, sitwayen ak itilizatè sèvis Natcom yo, ekri ou jodi a ak anpil fristrasyon pou nou denonse yon desizyon ki pa jis, ni moral e ni sosyal.

San avètisman, san okenn kominikasyon klè ak kliyan yo, nou konstate plan entènèt 450 goud la vin koute 1200 goud. Sa se plis pase doublaj pri avan, yon chaj ki mete plis presyon sou do itilizatè ki deja ap soufri anba difikilte ekonomik chak jou.

Nou pa ka aksepte ou kontinye pran avantaj sou bezwen fondamantal moun tankou kominikasyon ak aksè ak enfòmasyon. Desizyon sa revòlte nou, li manke respè pou kliyan yo, epi li montre neglijans total pou sitiyasyon difisil pèp ayisyen an ap viv.

Nou mande:
-Retounen prese-prese ak ansyen plan an.
– Leta pran responsablite li kòm regilatè pou mete limit sou abi sa yo.
-Plis transparans ak dyalòg ant konpayi w lan ak konsomatè yo.

Natcom pa dwe sèvi ak monopòl li pou peze pèp ayisyen. Nou leve vwa nou pou di NON.

Sitwayen Konsyan ak Revòlte
Saint-Louis du Nord / Ayiti, Septanm 2025

Share:

Leave a reply