Divès òganizasyon envite laprès nan Yon konferans demen lendi 27 mas 2023.

556

Divès òganizasyon envite laprès nan Yon konferans demen lendi 27 Mas 2023.

Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) Nan kad jounen entènasyonal solidarite kap fèt ak Ayiti nan dat 29 la, yon ansanm òganizasyon tankou PAPDA, KONBIT, APK-AYITI, Chapit ALBA Ayiti, PPN, Dantò, Sèk Gregory, Debloke Ayiti, Fanm Vanyan ak divès lòt envite laprès anliy, televize, pale ak ekri nan yon konferans pou laprès yap bay lendi 27 mas a 11zè tapan nan lokal PAPDA ki nan ri Janbatis nimewo 20.

Nan konferans sa, òganizasyon yo ap :

1) Fè yon ranmase sou solidarite ki fèt ak Ayiti nan dènye lane sa yo

2) Prezante yon seri mobilizasyon k ap fèt ak Ayiti nan jounen 29 la nan tout mond lan

3) Prezante aktivite k ap fèt Ayiti nan okazyon 29 mas la ak 31 mas k ap vini an

Pou otantifikasyon

Camille CHALMERS e Josué MÉRILIEN

Comments are closed.