En Avant Nord-Ouest ap òganize yon gwo fowòm pou Jounen Entènasyonal Jèn yo

SenLwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan okazyon Jounen Entènasyonal Jèn yo, kap selebre madi 12 dawout 2025, òganizasyon En Avant Nord-Ouest (EANO) ap lanse yon gwo seri aktivite ki vize mete jèn yo nan sant devlopman kominote a.
Yon gwo fowòm ap fèt nan otèl Toi et Moi, nan vil Sen Lwi Dinò, soti 9è nan maten pou rive 4è nan aprè-midi. Twa gwo entèvenan pral anime rankont la sou tematik enpòtan : Jeunesse et développement intégral (Dr. Garry Sanon), Prévention des IST et l’importance de l’éducation sexuelle dans la vie des citoyens (Dr. Carline Léandrea), e Droit et devoir des citoyens dans la protection de son environnement (Agronòm Luckner Noël).
EANO lanse yon envitasyon ouvè pou tout jèn patisipe, paske yo kwè jèn yo se poto mitan chanjman pozitif la. Òganizasyon an mande jèn nan okazyon sila, pou yo leve kanpe pou rebati lavni, paske yo se limyè k ap klere chemen lespwa.






