Senlwi Dinò : Yon group sitwayen pran responsabilite yo pou netwaye kanal yo

Senlwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan komin Senlwi Dinò, yon gwoup sitwayen angaje tèt yo pou mete men nan zafè netwayaj kanal piblik yo. Yo pran pèl yo, bourèk yo, epi mete tèt ansanm pou bay komin nan yon lòt figi. Yon aksyon klè ki voye yon sinyal klè bay otorite yo ki pa fè oken efò pou kire kanal yo, malgre nou anndan sezon siklonik lan.
Youn nan yo anpil moun konnen sou non Rasta, mete machin li disponib, pou pran debwi yo pou al jete. “Kòm sitwayen, nou gen yon devwa sakre pou nou patisipe aktivman nan pwòpte ak devlopman kominote nou yo”, se deklasyon group sitwayen sila, ki daprè yo menm otorite yo dwe pran responsablite yo, pou bay popilasyon an sèvis.
Daprè divès moun ki nan kominote a, yo bat bwavo pou gwo jès sa, pandan yo mande otorite lokal yo pou yo pran inisyativ pou leve eskanp figi vil Senlwi Dinò ki te youn pami kote ki te pi pwòp nan depatman Nòdwès la.