Gwo tòchon ap boule ant Doktè Decius ak Doktè Metelus nan tèt direksyon sanitè Nòdwès la

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Doktè Decius asistans Direktè sante piblik nan Nòdwès ekri Direktè deptmantal la, Doktè Metelus pou anonse li, li dezangaje nan sèvis matènite lopital Imakile Konsepsyon an, pandan li kritike konpòtman awogan chèf sante a nan depatman.
Konfli sa vini, swit ak batay pou mete yon direktè nan tèt mòg lopital la. Daprè asistan direktè a, DDNO a trete li an paran pòv, pou sa li menm ki te konn bay sèvis li nan matènite a, oblije dezangaje li.
Plizyè lèt an sikilasyon nan site kapwa Lamò a, ki nome nouvo responsab mòg la. Genyen nan yo ki pote sinyati 2 responsab sante yo, genyen ki pote sinyati sèlman Direktè depatmantal la. Antouka, bagay yo an kalifouchon nan sèktè sante a nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.






