Regwoupman Pwofésyonèl Travavayè yo nan Grandans kalifye kòm mantè minis travo lan ki kontante l nan fè bel pwpmès.

406
0
Share:
TRiboLAND

Grandans, Ayiti_____(TRIBOLAND) Regwoupman Pwofésyonèl Travavayè yo nan Grandans, ki se teknisyen nan diferan domèn, kalifye minis travo piblik lan, Raphaël Hosty kòm yon blofè alafwa yon pijon vwayajè kap mache gaspiye gro magogo lajan nan pwovens, sitou depatman Grandans lan.

Yo egalman akize Jenyè a, kòm gagotè kap boule lajan nan otèl, nan lokasyon flòt machinn gro figi, fè manm kabinè l fè pèdiyèm, e resevwa jèb flè san regle absoliman nada nan depatman an kòm travay enfwastrikti.

Yo raple minisHosty yon latriye travay ke li te pwomèt ki pa arive ateri, tankou: travay reyabilitasyon pon Dumassais Estime an, fonksyoneman izinn asfalt lan, e garanti ke li te bay pou debloke lajan rapid. Konsa, kèk mwa aprè pwomès pase nan farinn e 1% nan yo pa respekte.

Fas ak konpòtman iresponsab sila, manm regwoupman pwofesyonèl travavayè yo, nan depatman Grandans lan, pwomèt nan jou kap vini yo pou pwan beton an yon fason pasifik pou mande demisyon minis, Raphaël Hosty kòm moun ki pa regle anyen serye nan tèt ministè travo piblik transpò ak kominikasyon an. ‎

Share:

Leave a reply