Lapolis ak lajistis nan komin Bomon reyalize kèk fouy e rive sezi plizyè materyèl ilegal.

466
0
Share:
TRiboLAND

Bomon, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou konbat gang ak asosyasyon malfektè atravè depatman Grandans lan, lapolis ki te akonpaye jij depè titillè Bomon an, Anòld Baptiste, realize plizyè pèkizisyon tankou nan otèl Sen Anyès popwiete Philippe Étienne, yon evade penitansye nasyonal kite jwenn arestasyon nan Grandans ak nan Sid peyi a..

Nàn kad fouy sila, brigad, lajistis e lapolis sezi yon machinn mak Suzuki Vitara koulè gri, plak 12047 ki pa anrejistre sou non Philippe Étienne. Se konsa, yo te kondwi annafè a nan komisarya Jeremi an pou swit legal ou nesesè yo. Nap sinyale, lapolis ak lajistis pat jwenn pken zam nan otèl la.

Lapolis ak lajistis te pwan direksyon lokalite Dimwa, pou kontinye pèkizisyon yo nan peristil André Laguerre, yon bòkò kise tonton Izo 5 segonn. Sou plas otorite jidisyè yo ak lajistis sezi 2 zam ki se yon Rouzi mak Intratec ak yon 9mm luger modèl TEC- DC9, SERI 051193.

Nan moman operasyon sila yo, lapolis pa arive fè oken arestasyon, yon aksyon ki parèt etonan pou anpil moun ki kalifye sa kòm reselè ak kòkòday.

Share:

Leave a reply