Fineray Lavira Thomas chante nan Legliz Péniel, Lòdbòpon.

461
0
Share:
Triboland

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Se aprèmidi samdi 19 jiyè 2025 lan, fineray Lavira Thomas alyas “Manman Lavi” ki te mouri, nan dat 6 jiyè 2025, rive chante nan Legliz Evanjelik Batis Péniel, Lòdbòpon.

Nan okazyon an, paran, fanmiy, zanmi, sè legliz defen an te reponn masivman prezan. Pastè selebran an, Rev pastè Rivener Lafrance, nan mesaj finèb la, te fè konnen ke Lavira Thomas se fanm ki entelijan anpil paske l te deja remèt Bondye lavi l depi lè l te vivan. Pastè a egzòte tout moun ki te prezan nan fineray la pou yo fè menm jan ak Lavira paske Jezikri pa lwen pou l vini.

Dènye pitit defen an, Tonique Joseph ki te pran lapawòl tou nan sikonstans lan, t ap eksplike asistans lan ak tout TRiboLAND ki moun, manman’l Lavira Thomas te ye. Selon Tony, Lavira Thomas se te moun Ansafolè ki te vin tabli’l nan Pòdpè, zonn Lòdbòpon, nan laj 2 lane. Se moun tout moun, patikilyèman nan mitan popilasyon Lòdbòpon an ki te ba li yon tisinon “VIvi”.

“Manman’m pase tout jenès li Lòdbòpon nan fè kafe answit kwit manje pou vann. Li te genyen anpil afeksyon pou mwen kòm dènye pitit . Se yon pòv fanm ki sakrifye tout vil pou leve 4 pitit, pami yo yon fi. Mete sou sa, Vivi pat pè travay; lannuit tankou lajounen li sou pye’l ap batay ak lavi pou byennèt sosyo-edikasyonel pitit li yo”, daprè sa Tonique devwale bay asanble a. Tonique Joseph mande pou manmam’l ba yo fòs ak kouraj pou yo kontinye goumen anba defi lavi tèt chaje sila.

N ap raple Lavira Thomas bay planèt la do, nan laj 55 lane. TRiboLAND swete li bon travèse e ke Granmèt la rekonfòte fanmiy ak zanmi kap viv yon doulè mare ren!

Share:

Leave a reply