Van ensekirite a ap eseye reprann jaret nan Lakwa Sen Jozèf, selon temwanyaj Pastè Pierre Aimé Louis-Jean.

Lakwa Sen Jozèf, Ayiti______(TRiboLAND) Depi aprè lanmò Erick Prospère, yon bandi ou gang kriminèl ki te abitwe mache touye moun e answit mete dife nan kay yo, nan Lakwa Sen Jozèf, 3e Seksyon kominal vil Pòdpè, depatman Nòdwès, ensekirite a vini sou yon lòt dimansyon; se volè yo ki lage 2 gidon nan dechèpiye bèt ak jaden peyizan yo; dapre sa ansyen Kasèk Seksyon an, nan lane 1990, Rev Pastè Pierre Aimé Louis-Jean declare bay TRiboLAND.com.
Selon Pastè Pierre, pa janm pase yon mwa pou pa tande popilasyon an ap plenyen pou zannimo yo tankou: kabrit, kochon, bèf, ak mouton ke vòlò disparèt pou y al vann nan lòt mache atravè depatman an. Mete sou sa, pandan pasaj timesye dwèt long siperyè sila yo, menm jaden peyizan yo pa rive epanye devan grenn je otorite yo ki toujou rete bra kwaze.
Pastè a rapousuiv pou li di, ke sitiyasyon sila a lakoz kanè timoun yo toujou kontinye ap drive nan direksyon lekòl yo akoz mwayen paran yo pa gen pou rekipere yo, pwiske zannimo yo ki se kanè bank peyizan yo, vòlò pote yo ale.
Fas ak tout briganday sila yo, otorite nou yo rete bèkèkè. Konsa, Rev. Pastè Pierre Aimé Louis-Jean, lanse yon apèl prese prese, bay dirijan yo ki nan piwo nivo Leta a, pou vin ede yo sove popilasyon Lakwa Sen Jozèf la, grenye Metwopol Nòdwès la, anba men ti mesye dwèt long siperyè sila yo.






