Woy Abominasyon nan Okap! Pastè Jose Siméon ak Pastè Max pete goumen pandan Kongrè Misyon Batis Evanjelik Dayiti a

678
0
Share:
Triboland

Kap Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Kongrè Anyèl Misyon Baptis Evanjélik Dayiti ki tap dewoule nan vil Okap jodi jedi 10 jiyè 2025 lan, fini an dezòd ak vyolans. Olye lapriyè ak adorasyon, se ak kout wòch, kalòt, kout pye ak san kap koule evènman an te dewoule, e sa te mete tout moun sou gwo alèt ak repinyans.

Selon temwayaj plizyè patisipan, yon konfli te pete ant Pastè Jose Siméon, ki se Prezidan misyon an, ak yon gwoup pastè ki prezante tèt yo kòm “opozisyon radikal” akoz movèz jesyon yo estime Pastè Siméon ap fè. Pami yo, Pastè Max ki vin prensipal viktim zak vyolans yo, ta resevwa gwo kou nan tèt, sa ki mete lavi li an danje.

Pastè opozan yo akize Pastè Jose Siméon dèske li ap mal jere fon misyon an, li kraze lopital ak lekòl misyon an; konsa, group pastè sa mande pou pastè Siméon kite tèt misyon an.

Otorite lokal yo poko reaji sou ensidan sila, men plizyè fidèl mande pou gen yon ankèt sou sa ki pase a epi pou misyon an retounen sou bon jan prensip moral ak administratif li te genyen anvan. Kidonk, si pa genyen yon seri dispozitif ki pran pou fwennen atoufè, Misyon Batis Evanjelik la apenn kòmanse moral ak espirityèlman pèdi plim.

Share:

Leave a reply