Fòs lòd yo nan “tchèk pwent” arive nan echanj vide yon bandi atè pandan 3 lòt leve kouri

238

12\11\20

Babyòl, Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan echanj kout zàm avèk bandi yèswa ki te jedi 10 desanm 2020, yon bandi arive mouri e 3 lòt arive chape poul yo nan zòn Babyòl nan Pòtoprens.

Enfòmasyon yo fè konnen ke lapolis te arive ap bay kontròl yon machin prado nwa sispèk ki te genyen 4 bandi nan blòk Babyòl, vè zòn 9 pou 10 zè nan aswè. Alòske nan moman fòs lòd yo tap aproche machin nan, bandi sangwen sispèk yo te ouvri zàm sou polisye yo.

Konsa, nan echanj kout zàm, yon bandi tonbe e 3 lòt pran lyann; yon zàm arive sezi e yo jwen tou plizyè plak machin prive egalman.

Comments are closed.