Me Kensly Benjamin pran tèt Pakè Koto a kòm nouvo Komisè Gouvènman

Koto, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèt Kensly Benjamin prete sèman epi ofisyèlman enstale kòm nouvo Komisè Gouvènman jiridiksyon Koto a, depatman Grandans peyi Dayiti. Se sou lobedyans Jij Robert Jourdain yon parèy seremoni enstalasyon te dewoule.
Plizyè pèsonalite enpòtan nan sistèm jidisyè a te prezan nan kad selebrasyon moman sila, tankou: Mèt Guy Mondelus, Komisè Gouvènman jiridiksyon Aken an. Mèt Rousseau Lubin, Sibtiti Komisè Gouvènman jiridiksyon Ansavo a, Mèt Agilnet Seïde, san bliye Batonye Lòd Avoka Koto yo.
Mèt Kensly Benjamin, ranplase nan pòs sila, Mèt Max Somara Mettelus ki transfere kòm Sibtiti Komisè Gouvènman nan Pakè Okay la.






