Ferye: Popilasyon an fèmen Mèri a pou mande depa Majistra François Placide alyas Dore

463
0
Share:
TRiboLAND


Ferye, Ayiti _____(TRiboLAND) Popilasyon komin Ferye leve kanpe kont Majistra François Placide, alyas Doré, ki ap dirije Mèri a depi anviwon 9 lane. Sitwayen yo fèmen lokal Mèri a, lanse plizyè revandikasyon e mande depa imedya chèf ajan egzekitif enterimè yo, ki ta pran djòb sèvis piblik sila kòm byen manman’l ak papa’l.

Daprè sa popilasyon an deklare, Majistra Dore a ta trayi konfyans yo, li pat janm defann enterè komin nan e li echwe nan angajman li te pran pou devlopman Ferye. Plizyè pankat ak mesaj klè make devan pot Mèri a pou montre dezakò ak froustrasyon pèp la, tankou pèp la te bay Dore yon pouvwa, yo repran-l.

Daprè Ferye Post, popilasyon an deklare yo pap lage bay. Yap rete mobilize, detèmine pou chanjman. Yo voye gwo sinyal bay KPT a, ansanm ak Primati, pou yo pran responsablite yo fas ak yon parèy deriv nan komin Ferye. ‎

Share:

Leave a reply