Kolizyon yon “bajaj kéké” 3 wou ak yon lòt machin okazyone lanmò 5 moun nan Okap

323

01/13/21

Petitans, Okap_____(TRiboLAND) Yo gro tonton aksidan machin apènn fèt nan vil Okap jodi aswè mèkredi 13 janvye 2021 an vè 7:30; yon sitiyasyon ki okazyone 5 moun mouri ak divès lòt ki blese. Tèrib aksidan sa rive fèt nan zòn 3èm seksyon Petitans toupre lekòl Nasyonal Fò Sen Michèl la.

Se lon temwen ki te pwofite ap fè foto, konfime pou TRiboLAND ke moun yo mouri se aprè yon ti moto 3 wou yo ki se yon “bajaj kéké” wouj plak TB 13742 ki pèdi fren e ki al antre an kolizyon ak yon machin e ki lakoz 5 moun arive pèdi lavi yo selon otorite lokal yo ki konfime 4 moun mouri pap padap e senkyèm nan al mouri nan lopital Milo.

Comments are closed.