Mace Anafe, se yon papa nan komin Chanbelan lokalie Chada, ki livre pitit gason l bay lapolis pou trafik marigwana.

520
0
Share:
TRiboLAND

Chanbelan, Ayiti_____(TRiboLAND) Mace Anafe, se yon papa nan komin Chanbelan, lokalite nan Chada, ki deside volontèman mennen bay lapolis, pitit gason li 18 lane, Peterson Mace, bay lapolis nan komin Chanbelan, kòm trafikan marigwana.

Peterson Mace, kise yon elèv lise kap fè 8èm segondè, deklare bay lapolis non sèlman li abitye fimen marigwana a, men li vann lòt moun li tou, li fè jaden an pou l fè kòb nan objektif pou li reponn ak ekjijans lavi a.

Mace Anafe, kise yon pèsonaj moral nan zonn Chada, komin Chanbelan, mande lapolis ak lajistis pou pa relache Peterson Mace, ki genyen abitid vann zannimo li yo, pou pwan plezi ak lòt zanmi.

Share:

Leave a reply