Kire pawas Sent Jozèf Kakas lan, Pè Verdier Joassaint, fè konnen nèf volè ki nan KPT a, pap kapab òganize eleksyon nan peyi a.

Lèziwa, Ayiti_____(TRiboLAND) Kire Pawas Sen Jozèf Kakas lan nan komin Leziwa Rev. pè Verdier Joassaint, ki anpwezans plizyè santènn fidèl legliz katolik nan okazyon fèt patwonal Sakrekè, nan zonn Karakoli, komin Jeremi, fè konnen nan romeli sikonstan li, denonse nèf konseye prezidansyèl yo, kòm nèf volè ak kostim, plis manm gouvènman an, fè konnen ke yo pap janm ka arive òganize bon jan eleksyon nan peyi a.
Pè Verdier ale pi lwen pou’l fè konpwann enterè chak konseye prezidansyèl yo twòp, tout pwal vle se kandida pa yo pou ki bon nan eleksyon yo. Konsa, pwal genyen divizyon pou siyen e valide rezilta definitif yo. Sou pwensou sa a, pè Joassaint finalman fè kwè se entènasyonal lan kap genyen pou di mo final lan.
Kire pawas Sent Jozèf la nan Leziwa, Kakas, pat mete dlo nan bouch li, pou denonse fòm koripsyon, nan administrasyon piblik lan nan depatman Grandans lan, e mande menm popilasyon tankou fidèl legliz katolik yo, pou reveye yo, fè yon chèn solidarite pou bat chalbari dèyè san konsyans sila yo ki anpeche mas pèp lan ou peyizan yo rale yon souf.






