Zile Latòti: Yon moso tè san Leta ki alagoni

397
0
Share:
TRiboLAND

Zile Latòti, Ayiti______(TRiboLAND) Latòti se yon lil ou yon komin ki lokalize nan depatman Nódwès peyi Dayiti. Li layite vrèman tankou yon “tòti”chita anfas vil Pòdpè. Dènye estatiske yo estime genyen plis pase 45 mil moun kap viv sou zile sila ki rich an istwa kolonyàl, depi sou epòk fibisye ou Bètran Dojeron.

Selon Ajan Egzekitif Enterimè Zile Latòti a, msye Etienne Max Williams, se komin ki pi mepwize e soufri tout kalte maladi; konsa, se nan rèv sitwayen yo wè pwojè ak desizyon Leta gran tè ap pran. Anpil moun sou zile a rete kwè, Lil Latòti pa fè pati entegrant peyi Dayiti. Me kèk eleman ki defini mizèrere sitwayen kap viv nan Latòti:

Ensekirite: Latòti gen repitasyon bandi. Pa janm pase 2 oubyen 3 mwa pou pa gen yon krim nan Latòti; yon parèy pwoblèm sosyetal genyen anpil pou wè avèk prezans yon efektif redwi polisye yo sou Zile a. Mete sou sa ,batiman ki loje komisarya Latòti a nan move kondisyon operasyonèl. Se yon veritab vwa dlo, yon espas ki pa ka tronpe lapli, kote pwizonye yo ap sove anndan l.

Lekòl: Tankou yon pakèt lòz kap pran lanm, Zile Latòti resevwa egalman yon edikasyon orabè ki pa sispan mache klopi klopan. Majorite pwofesè yo pako janm jwen nominasyon, alòsk grèv tout lasentjounen mete sistèm nan ajenou. Se yon veritab neglijans òganize onivo edikasyon an sou zile a.

Wout: Devlopman nenpòt ki rejyon nan yon peyi, obligatwàman depann sou kapasite enfwastrikti woutyè li. Kòmanse depi lokalite Lapwent Wès, rive jis Tèt Delil, pa genyen wout. Abitan yo, depi dig dantan, arive kreye avèk fòs kouraj, yon seri terasman ki kapab fasilite yon sistèm lokomosyon ki trè limite. Anpil sitwayen souvan fè kolònn pou arive egzekite yon seri twonson betonaj tou pre lakay yo.

Sante: Pi gwo estrikti medikal ki gen sou zile a, se Sant Sante Wo Palmis; men malerezman ki an mal makak. k ap mal fonksyone. Popilasyon zile a oblije brave danje sou dlo sale, pou al pran laswenyay medikal nan Lopital Beraka nan Lapwent Dèpalmis nan vil Pòdpè. Se malere jounnen jodia, devan pòt tounen dèyè kay; nan lane 1979 yo, Sant Sante Wo Palmis te pami pi gro enstitisyon medikal atravè peyi Dayiti avèk yon seri espesyalis wotman kalifye ou avanse.

An gwo, panye doleyans popilasyon tòtigèz la chaje kon Lapolònn; e nou pa menm pale pwoblèm dlo ak lamanjay : se anba mirak ak mizerikòd rejyon an ap fonksyone, depi lè aktivite maritim yo tonbe an degraba.
Ajan Egzekitif Enterimè zile a, msye Etienne Max William, lanse yon apèl ijan bòkote otorite konsène yo pou yo mete kap sou komin Latòti ki vrèman abandone ou livre pou kont li.

Poutan, Zile Latòti ta sanble genyen yon mèt, yon fanmiy milyonè byen koni nan Eta Texas, Etazini; yon gaj ou yon (akò fèmaj 90 lane) ki date depi sou rèyn Papa Dòk. Konsa, Leta ayisyen chwazi kadnase yon parèy dosye nan tiwà, san enfòme nasyon ayisyèn nan.

Share:

Leave a reply