Komin Ansdeno : Yon krim odye endinye tout yon kominote.

Anzdeno, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi yon bout tan atravè kèk lokalite nan depatman Grandans lan, kesyon krim vinn yon fatalite pou endividi san fwa ni lwa yo. Mòle ensi koni, ́koupe tèt pwòp sè li ki rele madanm Venèl Randal sou pretesk se lougawou ke’l ye.
An revanj, rès manm nan fanmiy lan te mete dife lakay pwezime asasen an, Mòle ki te pran lafiyt. Nap fè remake komin Anzdeno, menm jan ak komin Bomon pa genyen prezans lapolis. Bomon pa wè ak lapolis depi aprè yon gwoup endividi te mete dife nan komisarya a, swit ak afwontman ant lapolis ak kèk manm nan popilasyon an. Kidonk, lajistis pa egziste. Se nan dòmi, moun kapab wè prezans lapolis.
Se konsa, depi plizyè lane, krim ap miltipliye nan komin sila yo, anba je swadizan voryen kòwonpi ki fè tèt yo pase kòm dirijan peyi Dayiti, selon temwayaj kèk sitwayen.
Fas ak ansanm pwoblèm sa yo, kote ke kriminèl ao komet krim ,sou tout fòm atravè depatman Grandans lan, manm popilasyon, an, ekjije otorite yo, nan pi wo nivo leta,a, pou rezoud pwoblèm Sekirite, an, sitou nan mete komisarya, nan zonn ki pa genyen fòs lòd yo.






