Otorite jidisyè yo nan Jiridiksyon Jeremi an, demare ak asiz kriminèl yo ak asistans ou san asistans manm jiri.

508
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Tankou jan sa te anonse maten lendi 9 jen 2025 lan, otorite jidisyè yo nan Jiridiksyon Jeremi an, demare ak asiz kriminèl avèk asistans ou san asistans manm jiri. Objektif yon parèy sòlòkòtò jiridik, se fasilite plis prizonye nan sant kaseral Jeremi an jije e konnen ki sa la lwa rezève pou yo, selon krim ak enfwaksyon ke yo komèt.

Nan kad sesyon sila, tribinal la ap genyen pou tande sèz ka; dis ka ak asistans manm jiri yo, e sis lòt ka san asistans manm jiri. Selon enfòmasyon ke TRiboLAND arive boske bò kote responsab lajistis yo, sesyon yo gen pou dewoule pandan tout rès mwa jen 2025 lan. Konsa, sa ap pèmet plis prizon pase an jijman, ou diminye vag prizonye ki kontinye mouri ak lafen e maladi deyè kat miray prizon‎.

Share:

Leave a reply