Polen-Lakòn, 6e Seksyon Pòdpè livre pou kò li, daprè Kowòdonatè Jimmy Derisma ki pa sispann mande entèvansyon otorite yo.

427
0
Share:
TRiboLAND

Polen-Lakòn, Ayiti_____(TRiboLAND) Abitan k’ap viv nan 6e seksyon kominal vil Pòdpè, depatman Nòdwès peyi Dayiti, ap fè fas ak tout kalite mizèrere tankou:

a) Pwoblèm wout ki pweske pa egziste e ki pa pèmèt peyizan yo dekoule pwodwi agrikòl yo nan mache.

b) Siyasyon ensekirite a, ki kreye yon anviwonman laperèz ak entimidasyon, kote malgre prezans lapolis nan seksyon an, yo oblije mete kanpe brigad vijilans
kòm inik baliz pou arive sekirize popilasyon an.

c) Chak jou ki jou, abitan yo pa gen aksè ak dlo potab. Mete sou sa, lapli ki pa tonbe nan kanton an pandan mwa me a, lakoz tout jaden peyizan yo griye
anba flanm solèy la. Sa w tande a, lavichè, mizè ak grangou klowòks, lage 2 gidon nan lokalite.

Kasèk seksyon an, msye Jimmy Derisma, ki di li enpwisan devan soufrans ak kalamite peyizan yo, sitou nan moman sezon siklomik sila, lanse yon SOS bay otorite konsène yo pou yo kapab louvri je sou 6e seksyon kominal Polen-Lakòn, ki sanse livre pou kont li.

Share:

Leave a reply