Nòdwès/ Pòdpè : Lansman ofisyèl “Sezon Siklonik lan, sou tèm : “Pwoteje lavi fanmiy nou ak kominote nou. Ann aji kounya.”

579
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Se jounen dimanch 1e jen 2025 lan, sou Plas Katedral Pòdpè a, anprezans divès enstans ak pèsonalite, Direksyon depatmantal Pwoteksyon Sivil Nòdwès la, lanse ofisyèlman Sezon Siklònik lan ki kòmanse depi dimanch 1e jen 2025 sila e ki pral bout 30 novanm 2025, sou tèm :”Pwoteje lavi fanmiy nou ak kominote nou. Ann aji konya”.

Nan okazyon an, responsab Pwoteksyon Sivil branch Nódwès la, msye Yfrène Frantz Monfort, nan deklarasyon li, mande popilasyon an koute radyo yo ki gen espòt piblisite ki gen rapò ak peryòd Siklòn lan yon mannyè pou sak te pase nan dat 23, 24, 25 desanm 2024 la, pa repwodui ankò. Lè sa a te gen plis yon dizèn kretyen vivan ki te pèdi lavi yo anba katastwòf natirèl.

Responsab la ki kontinye pou di “se mèt kò ki veye kò” , li mande popilasyon an pa rete chita ap gade sou mouche Leta. Sa vledi se popilasyon an menm ki dwe pran prekosyon pou l pa viktim pandan sezon Siklòn nan .

Li enpótan pou n raple, pa gen oken travay ki fèt, ni bòkote Lameri, ni bòkote Konpayi TPTC pou fè faskare ak peryòd siklònik lan, lè nou konnen Nòdwès se yon depatman ki toujou viktim chak fwa Manzè katastwòf natirèl frape ba pòt lakay li.

Share:

Leave a reply