Ansenyan Nòdwès ki kontinye ap solidarize ak konfrè yo, Williamson S-Fleur, mande respè Akò 2025 lan, ki se sèl kondisyon pou yo retounen nan klas yo.

449
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Anseyan Nòdwès yo, atravè yon konferans pou laprès, jounan Jedi 29 me 2025 lan, pa deside lache bay. Edikatè ou edikatris sila yo ki pa sispann manifeste mekontantman yo, mande jistis ak reparasyon pou kòlèg pwofesè parèy yo, Williamson St-Fleur ak respè Akò 20 janvye 2025 lan ki gen ladan’l divès pwen ki se sèl kondisyon pou yo reprann lakrè:

• Nominasyon tout pwofesè kalifye ki nan sal klas yo.
• Aryere Salè
• Katdebi ki gen ladan’l 15 000 goud

Pwotestatè sa yo rapouswiv pou fè konnen ke yo deja okouran gen konplo minis Antoine Augustin ap marinen pou fè lapolis maspinen yo menm jan ak zak malonèt lapolis te egzèse sou pwofesè Williamson S-Fleur nan vil Okap Ayisyen. Anseyan sa yo voye di Antoine Augustin, “Alagè Kòm Alagè”!. Savledi yo nan san, yo nan san nèt.

Konsa, nan jou ki pral vini la yo, yo pral retounen pirèd reprann direksyon depatmantal Edikasyon Nódwès la an notaj, yon fason pou fè respèkte dwà yo kòm ansenyan.

Li enpótan pou n raple, etablisman eskolè piblik yo nan Nódwès, gen plis pase 5 mwa depi yo pa fonksyone. Tout sa antre nan yon plan estratejik pou fòse minis Edikasyon Nasyonal la, msye Antoine Augustin ak tout PM defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, respekte Akò yo te siyen ak Sendika Anseyan yo, alòske nan yon mwa ankò se va egzamen ofisyèl sou tout tèritwa ayisyen an.

Share:

Leave a reply