“HAYTI STARTUP”: Lansman yon nouvo platfòm kominotè pou bay antreprenarya jarèt nan vil Pòdpè

Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) “HAYTI STARTUP” se yon platfòm (espas) kominotè ak dijital ki vize ankouraje, fòme, epi akonpanye jèn ayisyen ki gen lespri biznis pou pote limyè sou potansyèl ekonomi popilasyon ayisyèn nan atravè yon pakou antreprenarya solid.
Hayti Startup, ap fè lansman ofisyèl premye Atelye Fòmasyon li jounen dimanch premye jen 2025 nan “IFSA UNIVERSITY” nan vil Pòdpè. Seyans fòmasyon sila, pral plis chita sou tèm : “IMPORTANCE DE l’ ECHÈC DANS LE PARCOURS ENTREPRENEURIAL”.
Objektif gran platfòm sila se:

• Fòme jèn antreprenè atravè atelye fòmasyon yo.
• Kreye espas pou pataje eksperyans ak resous ki nesesè.
• Bati yon rezo solid pou STARTUP Haysyen yo.
• Ankouraje yo lanse Mikwo biznis ak inovasyon.
• Fasilite debouche sou kreyasyon nouvo biznis chak ane.
• Enpakte ekonomi lokal la.

An gro, “HAYTI STARTUP” se plis pase yon platfòm, men yon mouvman pou libere kreyativite aysyen yo. Antouka, sa Nòdwès tap chèche anlè, li jwen li atè. Menm jan anpil peyi Afwik yo ap byen pase avèk siksè nan nivo antreprenarya, jèn fanm ak gason nan peyi lakay, kapab fè li tou.

Nap raple, lansman premye Atelye Fòmasyon HAYTI STARTUP la, pral asure anba lobedyans yon triyo fòmatè (Pastè Léonel Mocombe, Coach devlopman pèsonèl, mastèran an edikasyon, antreprenè; Gervenson Cius, antreprenè, kominikatè, e jounalis; Dieunel Ficien, animatè Radyo, kominikatè, e antreprenè) konsome ki pa manje anyen ki frèt nan domèn nan. Seyans lan ap demare dimanch vè 2:30 pou rive 5:00 nan aprèmidi. Li totalman gratis!

Share:

Leave a reply