Yonn nan sibtiti komisè gouvènman, nan pakè Kwadèboukè a, jwenn revokasyon li

820

Mèt Jean Gamaël Dieudonné, jwenn arestasyon li, pou tèt li ta sanble tap fè 6 tounen 9 nan pakè a.

06-12-2023

Kwadèboukè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon lèt ki pako rann piblik e ki pote non, ministè jistis ak Sekirite Piblik la, Minis pou ti bout tan an, madam Emmelie Milcé Prophète, mande ak sibtiti komisè gouvènman pakè Kwadèboukè a, Mèt Jean Gamaël Dieudonné, kite pakè a.

Enfòmasyon sila rive jwenn sal nouvèl redaksyon TRiboLAND, gras ak kolaborasyon yon pèsonèl nan pakè a, ke nou pa deside site non li.

Dapwè Minis Jistis fanm lan, Emmelie Milcé Prophète, sibtiti komisè gouvènman an, Mèt Jean Gamaël Dieudonné, jwenn revokasyon li pou kòz dwèt long,ak pou tèt lap fè 6 tounen 9 nan pakè a.

Li enpòtan poun konnen, sibtiti komisè Jean Gamaël Dieudonné, deja pase nan plizyè jiridiksyon nan peyi Dayiti, yo souvan pouse do li, pou menm vye movèz pratik sa yo.

Comments are closed.