Moun Grandans plede konpayi aeryèn Sunrise respekte dwà yo lè yo ap vwayaje.

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Kliyan konpayi aeryèn Sunrise ki asire transpò Jeremi – Okay – Pòtopwens – Kap nan peyi Dayiti, denonse bay responsab ministè travo piblik, transpò ak kominikasyon yo, koman konpayi Sunrise ap vyole dwa moun Jeremi chak jou ki jou nan kad fè rezèvasyon, achte tikè nan Jeremi pou vwayaje a bò avyon Sun Rise yo. Viktim yo ki deklare bay responsab Leta yo ke konpayi a prefere egzije yo pwan taxi machinn ou moto pou al pwan avyon an jous Okay.
Konsa, fas ak yon vye pwatik parèy, direktè depatmantal travo piblik la nan depatman Grandans lan, enjenyè Kesnel Paris, kondane e mande manm popilasyon an pou rete solidè ak tèt yo, yon manyè pou fòse dirijan yo nan nivo konpayi an respekte yo, menm jan ak moun nan depatman Sid la.
Nan sans sa, direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, nan non minis travo piblik lan, bay garanti li pwal fè tout sa ki depan de pouvwa’l la, pou adrese pwoblèm nan devan responsab konpayi aeryèn yo, yon fason pou pèmèt repriz aktivite pawezaj vòl yo nan aeodwòm Jeremi an.






