Pou make vensetyèn ane fondasyon Kès Popilè pou Avansman Jeremi (KAPAJ) òganiza divès aktivite nan Jeremi.

04 – 04 – 2025
Jeremi- Ayiti ( TRiboLAND) Pou make vensetyèm ane ekzistans Kès Popilè pou Avansman Jeremi ( KAPAJ) Konsèy administrasyon an , oganize yon mès solanèl nan legliz katolik Sen Lwi nan Jeremi, ak yon mach fotbòl nan Pak Goman ki lokalize nan lakou Komisarya Santwal Jeremi an.
KAPAJ, selon prezidan konsèy administrasyon an enjenyè Francky Delva, souvan sibvansyone lekòl ak ede moun ki nan nesesite yo jwenn laswenyaj. Sou plan ekonomik, se yonn nan enstitisyon ki bay sèvis ak yon to ki pi fèb sou mache lokal lan.
Responsab la kontinye pou li reyitere volonte enstitisyon an nan asistans lap bay pou kore byennèt sosyo-ekonomik popilasyon an nan Grandans peyi a.






