Nòdwes : ASÈK/KASEK/ Delege Viil (DV) debake nan biwo delegasyon Nódwès la pou vin reklame kòb travay yo.

369
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Jounen jedi 22 me 2025 sila, tout ekip ki fè pati Kolektivite Tèritoryal yo nan 10 komin depatman Nòdwès la, te pote boure nan Biwo delegasyon Nòdwès la pou yo kapab vin konnen vrè rezon ki lakoz Ministè Entereyè monte vit sou yo depi plizyè mwa.

Mesyedam Asèk, Kasèk ak delege vil (DV) sa yo, ki gen plis pase yon trantèn mwa depi men yo pa jwenn ak ministè Enteryè, te fè delege depatmantal la, Msye Rock Excéus ak tout vis delege a, msye Peslet konnen si yo pa jwenn vrè rezon an ki fè yap travay san touche yon goud Lesko, yap tou pran delegasyon an annotaj pou yo vin abite ak fanmi yo.

Reprezantan Egzekitif la, msye Rock Excéus, nan entèvansyon l te fè mesyedam yo, deklare ke revandikasyon yo a jis paske moun ki travay dwe manje sitou ak kesyon lavichè a.

Pou kalme lespri reprezantan Kolektivite Tèritoryal yo, delege a, msye Excéus te fè yo konnen se paske l pat gen dwa siyati ki fè yo pat ko resevwa salè yo, pandan deklare yo ” se avan yè li apèn gen dwa siyati. Toutfwa li espere otorite lokal sa yo pral jwenn yon ti sal bab pwiske li deja verifye gen 7 milyon sou kont la, kote aplodisman ki te sòti bò mesyedàm Kolektivite Tèritoryal sa yo te fè mikalaw.

Share:

Leave a reply