Bon travay KPT, se reyèlman yon trè bèl gouvènans nan fason ou montre popilasyon an kòman yo fete fèt bikolò ayisyen an nan povrete ak ensekirite

597
0
Share:
TRiboLAND

• Yon timoun kap dòmi nan yon bwàt katon bò yon twotwà nan kapital la, eksprime dimil fwa pi bon sans patriyotik ke dirijan
enkonpetans ou krizokal KPT yo.
• Fo lidè ap pyafe nan lave 299 milyon goud nan non fèt drapo nan vil Okap, alòske yon timoun ap dòmi bò yon lari nan kapital la
jounen fèt drapo a.
• Kote rès monn lan, fas ak yon parèy krim?
• Kote òganizasyon dwà moun yo fas ak yon seri apatrid kap akselere nan kòripsyon?
• Kote tribinal entènasyonal yo, fas ak yon jenosid pwograme?
• Kote enstans entènasyonal fas ak yo ekip sanvègòyn ki reprezante 9 prezidan sansi kap pyafe nan kòripsyon?
• Kote etranje ki di yo se zanmi Ayiti a?
• Se yon ekip demolisè ki menm arive kraze fon pou ransèyman ki genyen pou wè avèk sekirite peyi a.
• Kòman pou yon moun arive konprann, ke kalite sadik sa yo genyen tikal ayisyen lakay yo?
• Finalman, jous ki bò deriv gouvènans sila ap rive avèk 9 enpostè ki montre abilite yo nan vann tèritwa ak danse kole avèk gang.
• Eksperyans yo montre trè klè, ke popilasyon an plis respekte drapo a avèk dinyite ke 9 raketè ki ap rache separe sou pouvwa.
• Ki diferans ki genyen ant yon seri chèf gang ke sansi 9 tèt sila ki pa sispann peze pedal efondreman an, san gade dèyè?
• Antouka, si reyèlman Donald Trump bezwen bay Ayiti yon bourad, ke li pa fè diferans ant manm KPT yo ak gro chèf gang teworis yo.
Yo tout kontribye nan destabilize e fini ak richès peyia. Konsa, anpil nan yo kalifye pou pwogram Bukele a nan peyi Salvador.
• Si reyèlman Donald Trump bezwen bay Ayiti yon bourad, ke li mennen ankèt sou zak kòripsyon ak akwentans moun sila yo avèk gang
yo!
• Si reyèlman Donald Trump vle bay Ayiti yon kout men, ke li antre KPT a nan pwogram Bukele a!

Enel Richard

Share:

Leave a reply