Nan kad kontinite pwogram nitrisyon an, PAM òganize yon rankont pou idantifye pwoblèm komin Senlwidinò.

736

08-04-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan objektif pou ranfòse pwogram nitrisyon an nan komin Senlwidinò, PAM òganize yon rankont nan yon otèl ak diferan reprezantan lokal yo san konte òganizasyon debaz, mèkredi 2 dawou 2023 a, pou idantifye vrè pwoblèm ensekirite alimantè a.

Agwonòm Vilgens Inocent ak Philippe Jean te prezante 3 pwogram PAM entwodwi nan komin Senlwidinò ki chita plis sou: kantin eskolè, rezilyans ak ijans. Nan okazyon sila, responsab yo te chita ak eli lokal yo ak dirijan òganizasyon yo pou diskite sou pwoblèm ensekirite alimantè a epi chèche ansanm solisyon ki efikas.

Manm diferan òganizasyon ki te patisipe nan rankont lan, remèsi PAM pou pwogram asistans lan, epi mete plis aksan sou pwogram rezilyans lan, yon bò ki kapab ede yo konbat to delenkans jivenil lan e kap fasilite yon lòt bò, mwayen penetrasyon nan seksyon kominal yo.

Comments are closed.