Pou ranfòse kapasite sèvis sante nan depatman Grandans lan, direksyon sanitè Grandans lanse yon Konkou rekritman.

03 – 17 – 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan lide pou ranfòse kapasite sèvis sante nan depatman Grandans lan, ministè sante piblik ak popilasyon, via direksyon depatmantal sanitè Grandans, òganize jounen dimanch 16 mas 2025 lan yon konkou pou rekrite karant infimye ak infimyè kalifye pou entegre sistèm sante a atravè katòz komin depatman Grandans lan.
Daprè direktè depatmantal sanitè a pou depatman Grandans lan, doktè Pierre Boutròce Gally, nan sèlman genyen twa san swasant dis postilan ki enskri, se sèlman karant moun ki fè pi gro nòt ke manm jiri yo genyen pou retni nan kad nominasyon yo.
Konkou sa ki òganize ak sipò kad teknik resous imèn direksyon depatmantal sanitè Grandans lan, ak prezans lapolis fini san gran ensidan majè. Direktè a bay garanti rès pwofesyonèl sante ki pa jwenn chans yo nan premye karant nominasyon sa yo, ministè a ap anrejistre yo sou baz done ministè a.







hentairead Great information shared.. really enjoyed reading this post thank you author for sharing this post .. appreciated