Yon konsèy 7 manm eli pou dirije asosyasyon majistra yo nan Grandans.

464
1
Share:
TRiboLAND

02 – 02 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Majistra kominal yo ki soti atravè 14 komin depatman Grandans lan, eli yon konsèy pou administre asosiasyon majistra a pou peryòd 2 lane.

Eleksyon sila ki fét nan transparans demokratik sou direktif dirèktè depatmantal Grandans lan, Paulemont Michel, genyen kòm manm konsèy lan: pwofesè Richard Marciano kòm prezidan ki pwan pòs li a nouvo; vis prezidan Louis Mary Titus, sekretè jeneral Sylmatha Pierre, Richard Olin trezorye pou n’ site sa yo sèlman.

Ekip 7 manm sila yo, ki pwan tèt (AMAGA) a, pwomèt pou travay pou amilyore kondisyon vi manm kominote Grandans lan, ak sipò leta ayisyen e patnè entènasyonal yo. ‎

Share:

1 comment

Leave a reply