Depatman Deta : Marco Rubio aprouve 40.7 milyon dola pou bay fòs miltinasyonal la jarèt

Par TRiboLAND.com
Sekretè Deta Ameriken an, Marco Rubio pase paraf li anba yon magogo 40.7 milyon dola vèt nan bay misyon miltinasyonal sekirite Ayiti a jarèt. Daprè yon kominike ki soti anndan vant depatman Deta jounen mèkredi 5 fevriye 2025 la.
Nan nòt sa ke depatman Deta ameriken an mete deyò, li presize ke se pa tout magogo pou asistans Misyon Miltinasyonal Sekirite Ayiti a ke yo te sispann. Nòt la rabat pou li presize egalman, kontrèman avèk sa kap pale, Marco Rubio te pito aprouve yon seri derogasyon ki kapab fasilite yon latriye milyon dola ki pou bay fòs miltinasyonal la plis jarèt.






