Sou inisyativ komite piloj refòm Konstitisyon 1987 lan, aktivite bat bouch yo demare nan komin Jeremi.

420
0
Share:
TRiboLAND

02 – 05 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou 2 jounen sou kesyon chanjman Manman Lwà peyi a, ki se Konstitisyon 1987 lan, komite pilotaj la reyini nan Otèl Lebontan ak diferan sektè piblik kou prive nan depatman Grandans lan.

Nan kad rankont milti sektoryèl la, 3 manm komite pilotaj la, ki se madam Wideline Pierre, pwofesè Charles Tadier, pwofesè Jean Baptiste Name ak divès lòt otorite lokal nan sosyete sivil la te òganize nan Grandans yon gro sòlòkòtò.

Asiz piblik ki dewoule jodi mèkredi 05 fevriye pou rive demen jedi 06 lan, mete anfaz sou divès tematik kote ke tout moun kapab bay pwen vi yo sou yon parèy pwojè ki se pase men sou Manman Lwà peyi a. ‎

Share:

Leave a reply