Jeremi: Nan sousi pou amilyore kalite sèvis popilasyon an, antrepriz “Lumière de L’Agneau” ouvè yon nouvo estasyon gaz ki rele “Testas”

289
0
Share:
TRibkoLAND

12 – 24 – 2024

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan sousi pou bay majorite manm popilasyon an sèvis ak kreyasyon djòb bay jènn yo, antrepriz komèsyal “ Lumière de L’Agneau”, ouvèpòt li nan vil Jeremi. Pastè Jimmy Joseph, youn nan chèf antrepriz la, nan moman inogirasyon an, fè santi enpotans pou ke tout moun nan sosyete a jwenn sèvis kòm sa dwa.

Antrepriz komèsyal “Lumière de L’Agneau”, atravè “Testas”, ki lokalize li sou wout nasyonal la, nan premye seksyon kominal Jeremi, pral desèvi ni moun ki rezidan ni moun ki depasaj nan Grandans.

Pastè Jimmy Joseph rabat pou li di, “kontrèman ak lot antrepriz yo nan depatman Grandans lan, enstriksyon pase manm popilasyon an achete galon gazolinn lan set san senkant goud.

Share:

Leave a reply