Grandans : Pòt pawòl asosyasyon elèv viktim yo denonse minis edikasyon an pou esklizyon 12 enstitisyon nan program PROMES la.

286
0
Share:
TRiboLAND

Grandans, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon deklarasyon li fè nan mikro TRiboLAND, pòt pawòl asosiasyon paran elèv viktim yo nan depatman Grandans peyi denonse ak tout fòs li minis Antoine Augustin ak tout konplisite ansyen minis edikasyon nasyonal lan, Nesmy Manigat ki voye nan kanpe lwen 12 enstitisyon nan pwogram PROMES la, yon inisyativ ke Bank Mondyal sibvansyone chak ane (140 dola ameriken chak mwa pou chak timoun pandan yon lane).

Daprè Amos Antoine, 12 enstitisyon eskolè sila yo, genyen plizyè milye elèv lekòl ladan yo ki pa genyen manman ak papa e ki pa kapab pran wout pen lenstriksyon, san konte sa yo paran yo ki kite Potopwens pou pwoblèm ensekirite jeneralize an. Pou anpil sitwayen, group elèv sila yo ki konnen yon lavi malmakak, ta sanble pi kalifye kòm  benefisyè yon parèy pwogram lan.

Nan sans sa a, paran elèv viktim yo, ki fe pati Asosiasyon an, mande minis edikasyon nasyonal la, Pwofesè Antoine Augustin, ak responsab Bank Mondyal yo , pwan an konsiderasyon 12 lekòl sila yo ki reyèlman genyen anpil elèv kap fè fas ak gro difikilte.

Share:

Leave a reply