Fòmasyon gratis sou “Dread Locks” avèk Fondasyon TRiboLAND nan vil Wanament

344
2
Share:
TRiboLAND

12 – 11 – 2024

Wanament, Ayiti______(TRiboLAND) Aprè plizyè fòmasyon gratis ke Fondasyon TRiboLAND arive delivre nan vil Wanament, patikilyèman sou fabrikasyon prodwi chimik, fabrikasyon sandal e enstalasyon pano solè e batri, yon lòt fwa ankò jèn yo pral resevwa yon atelye fòmasyon ki baze sou “ Dread Locks” ki pral fasilite yo mete kichòy ekonomik nan pòch yo.

Nan sousi pou pa kite gang sangwen ak politichyen san konsyans trennen lajenès nan gang, nan prostitisyon ak kòripsyon, Fondasyon TRiboLAND kontinye ap simaye atravè Larepiblik, fòmasyon gratis pou diferan jèn atravè divès kwen nan divès rejyon.

Konsa, randevou kase pou samdi ak dimanch 14 e 15 desanm 2024 la, pou 2 jounen fòmasyon, ki pral dote patisipan yo, yon metye manyèl nan Lekòl Nasyonal Wanament lan anfas tribinal sivil la.

Nap raple seyans yo ap kòmanse apati 8:00 nan maten pou rive 3:00 nan aprèmidi; patisipan yo pral benefisye konpetans yon profesyonèl ki enpekab nan domèn “Dread Locks” la, madam Anne Cadette Cadet. Kidonk, yo pap genyen absoliman oken tchotcho pou yo peye.

Share:

2 comments

Leave a reply