Bandi  sangwen koupe tèt yon ASEK nan komin Kafou

431
2
Share:
TRiboLAND

10 – 26 – 2024

Kafou, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon nòt men nan machwè yo mete deyò, Federasyon Nasyonal ASEK Dayiti (FENASEC) denonse ak tout fòs li zak asasinay ke bandi san sal fè sou Cinéus Chérubin, manm 22èm Asanble seksyon kominal Malanga, komin Kafou nan dat mèkredi 23 oktòb 2024 la.

FENASEC ki toujou ap kilbite anba sekous lanmò trajik sila, prezante senpati li bay fanmiy e zanmi defen an fas ak yon parèy krim ki endinyan. Konsa, yo envite otorite yo fè prèv tikal konsyans fas ak deteryorasyon sekirite a ki kontinye ap bay lawouli. Yo plede pou bonjan dispozitif arive pran bò kote lajistis yon fason pou filange kriminèl yo.

FENASEC rapouswiv pou li ankouraje swadizan otorite konsène yo pran tout dispozisyon djanm kont ensekirite a yon fason pou pèmèt peyia viv yon klima politik nòmal.

Share:

2 comments

Leave a reply