Sitwayen kè nan men mete yon lekòl kominotè sou pye nan Bayara

387
2
Share:
TRiboLAND

10 – 13 – 2024

Ti Gwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Gras ak detèminasyon mesye Ednor Dorvil an konplisite ak Pastè Amos e plizyè lòt antite volontè dote Bayara, premye seksyon komin Ti Gwav “École Communautaire pour le Développement de Bayara.

Bayara, yon zòn ki pa egziste anba rada Leta gagotè a, ap viv pou premye fwa yon etap istorik ki mete anfaz volonte lakay plizyè sitwayen pou prokire ti lèzanj ki abandone yo, yon espas aprantisaj ki pral anpeche pitit rejyon an kandale desann jous Vyalè pou ti moso enstriksyon.

Mesye Ednor Dorvil ki se moun jous Miragwàn te asèpte kolabore ak Pastè Amos nan Bayara pou delivre yon parèy projè ki apèn ap pran jarèt. Kominote Bayara a, ki genyen apeprè 90% ti lèzanj ki pa janm al lekòl, ap mande konkou imanis ou dyaspora ayisyen an, yon fason pou retire Bayara nan mal site.

Absans lekòl, lopital, dlo, e wout se yon ansanm pwoblèm kap bwase bil lokalite Bayara a; konsa, responsab rejyonal yo ap mande Leta peyi a, voye je sou yo fas ak efò ou volonte òganizasyon “OEPDP” ki devwe pou chanje eskanp figi Bayara, premye seksyon kominal Ti Gwav.

Share:

2 comments

  1. Jeff BERNARD 13 October, 2024 at 16:05 Reply

    Absans lekòl, lopital, dlo, e wout se yon ansanm pwoblèm kap bwase bil lokalite Bayara a; konsa, responsab rejyonal yo ap mande Leta peyi a, voye je sou yo fas ak efò ou volonte òganizasyon “OEPDP” ki devwe pou chanje eskanp figi Bayara, premye seksyon kominal Ti Gwav.

    Fondation Triboland Mombin-Crochu

Leave a reply