Yon pickup ki tap vann gaz ilegal pran dife epi boule rapyetè akote yon ponp gazoline Total nan komin Tigwav.

355
0
Share:
TRiboLAND


08 – 27 – 2024

Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Yon pickup ki tap vann gaz ilegal pran dife epi boule rapyetè sou wout Nasyonal # 2 a nan zòn Bòn Sòlda, komin Tigwav, madi 27 dawout 2024 la, ozanviwon 3 zè pm.

Selon kèk sitwayèn ki te sou plas, machinn nan boule ak 3 dwoum gazoline akote yon ponp total e se gras ak lapolis ak ponpye ki ta pral entèveni ki amelyore sitiyasyon ki evite yon eksplozyon katastwofik. Yon bagay ki ta kapab kreye yon sitiyasyon tèt chaje nan mitan popilasyon an, sepandan pa genyen moun ki rive viktim.

Antretan, kèk sitwayèn ak sitwayen ki t’ap asiste aksyon sa a, sou bò pa yo, pa manke mo pou denonse epi kondane otorite yo nan lapolis ak lajistis, yo di ki pa pran responsabilite yo e ki lakòz deriv sa yo ap kontinye anrejistre nan dosye vann gaz ilegal nan tout lari tankou lo mango ak lòt patat.

Nap raple se pou premye fwa sitiyasyon sa ap dekri nan komin Tigwav nan kesyon gason ak fanm kap vann gaz ilegal atè nan galon.

Share:

Leave a reply