Bandi sanfwa touye Chandelet tèt koupe ak kout manchèt nan zòn Ba Dipon.

310
2
Share:
TRiboLAND


08 – 20 – 2024

Obòy, Ayiti____(TRiboLAND) Nan zòn Ba Dipon komin Obòy, bandi sanfwa touye Chandelet ensikoni aswè madi 20 out 2024 la, daprè sa yon korespondan benevòl konfye sal redaksyon nouvèl TRiboLAND.

Selon sa kèk temwen deklare, se ta akoz grandizè ak tchoutchoun pyant Chandelet t’al fè nan lanmò papa yon seri ti mesye ki ta sanble mete fen nan vi li. Se konsa, san reflechi jodia, Chandelet te soti nan jaden yon gwoup bandi debake sou li, bat li e koupe tèt li ak zam blanch san oken fòm prosè.

Share:

2 comments

Leave a reply