Lapolis nan depatman Nòdwès debloke wout Obòy ke bandi ak gwo zam manch long te bloke depi plizyè jou.

1,072

02 – 15 – 2024

Obòy, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon tranble janm direksyon depatmantal Polis branch Nòdwès la mennen ak anviwon 24 ajan UDMO sou twonson wout Ansafolè/Kap-ayisyen an, yo rive debloke wout la nan nivo Obòy, ke bandi ak zam manch long te rive achte lajan kontan pandan plizyè jou.

Plizyè ajan UDMO ki t ap reyaji sou fenomèn nan fè konnen, yo te oblije ale pou bay pasaj ak plizyè dizèn pasajè ki t ap sòti nan Nò pou rantre nan Nòdwès, men kòm tout moun konnen deja, ni Tibwadòm ni Obòy pa sou jiridiksyon yo.

Konsyan sou sityasyon difisil moun Nòdwès, pou evite bagay la anpire, direksyon depatmantal Polis branch Nòdwès la fè konnen, yo pap kite Obòy vin menm jan ak Tibwadòm.

Pwomèt y ap batay pou retire moun Nòdwès anba pyèj gang sangwen yo, direktè depatmantal Polis branch Nòdwès la, Clevens Cetoute, apre rezilta pozitif pou debloke wout la, mande ak popilasyon an konte sou li paske yo pap lage wout la nan men gang a sapat.

Sepandan, enfòmasyon transvèsal yo ta fè konnen, se yon nouvo fwaye gang ki tap eseye pran jarèt sou wout Obòy la e ki ta sanble genyen nan tèt li yon bandi ke pakè Pòdpè te lage mwa desanm 2023 a.

Comments are closed.