Lapolis mete dòmi nan je 10 prezime bandi sangwen nan Grandans

372
0
Share:
TRiboLAND

08 – 12 – 2024

Ansdèno, Ayiti____(TRiboLAND) Si mouvman gang nan kapital la ap vale teren anba grenn je otorite raketè e reselè, nan Grandans peyi e petèt nan plizyè vil provens, mouvman sangwen yo pa sispann fè bèk atè.

Lapolis nan Grandans peyi a, nan konplisite ak popilasyon sivil la, arive demantle atravè yon operasyon ki rele “Netwaye Grandans”, yon gro rezo nich gang ki tap opere nan Boudon, dezyèm seksyon kominal Ansdèno.

Pandan operasyon lachas kont rezo kriminèl la, genyen anviwon 10 bandi sangwen ki bwè dlo bouch yo; e yon zam lagè arive sezi selon korespondan TRiboLAND ta rapòte. Sepandan, Mostly Lindor ki se alatèt asosyasyon malfektè a, ta gentan chape poul li nan moman pote boure chèf lòd yo ak popilasyon an.

Nap raple, plizyè kay bandi yo te konn itilize arive mouri alòske plizyè sitwayen rekipere yon latriye tèt zannimo ke sabgwen yo te vòlè.

Share:

Leave a reply