Jean Ronel Sistanis enstale kòm Direktè Jeneral Ministè Defans

398
0
Share:
TRiboLAND


07 – 29 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Minis Defans lan, Jean Marc Berthier Antoine enstale jounen lendi 29 jiyè 2024, Jean Ronel Sistanis kòm Direktè Jeneral Ministè Defans. Nouvo DG a ranplase nan pòs sa kolonèl Louis Daniel Marcelin.

Nan okazyon enstalasyon an, Minis Defans lan fè nouvo DG konnen chantye kap tann li parapò ak sitiyasyon difisil peyia ap konnen nan sa ki gen pou wè ak ensekirite a, tankou: demantle rezo kriminèl yo, retabli otorite Leta ak pwoteje tout sitwayen yo. Minis lan remèsye ansyen DG a pou bon travay li, epi pwomèt nouvo DG tout kolaborasyon nan kad rezilta eskonte yo.

Nouvo DG a bò kote pa li deklare ke li asèpte fonksyon sa ak espwa lap bay tout li menm nan pote solisyon posib gras ak sipò gouvènman ak tout kolaboratè yo. Li konnen bagay yo difisil men yo pral travay pou pote yon seri chanjman konsiderab.                                     

Share:

Leave a reply