Bandi ak zam touye yon ansyen gadyen Don Bosco san oken fòm prosè Kafou a

07 – 22 – 2024
Kafou, Ayiti _____(TRiboLAND) Bandi sangwen kap opere nan zòn Kafou touye aswè dimanch 21 jiyè 2024 la, Frantzy Francillon, devan Sant espòtiv Kafou a.
Frantzy Francillon, se yon ansyen gadyen seleksyon nasyonal la, li te pase nan plizyè club tankou Don Bosco ak ekip Viktori a. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon TRiboLAND lan, gen plizyè lòt moun ki viktim nan kad atak malfwa san sal yo ki pa sispann rann envivab peyia.
Machin ensekirite a pa sispann fwape moun nan tout kouch sosyete a, divès moun nan fanmiy foutbòl la kriye depa ansyen jwè foutbòl la.







Can you be more specific about the content of your article? After reading it, I still have some doubts. Hope you can help me.